Floral 01
Official Obituary of

Violette Sainte

February 4, 1951 ~ July 11, 2025 (age 74) 74 Years Old

Violette Sainte Obituary

Violette Sainte se senkyèm e dènye pitit nan fanmi li. Li te gen twa frè ak yon sè. Pi gran frè ak sè sa yo deja mouri. Violette se pitit fi Lamercie Excellent ak Aime Sainte Baron. Violette te fèt 4 fevriye 1951 epi li te mouri 11 jiyè 2025 a laj de 74 an.

Nan jenès li, li te marye epi separe pita men lavi te pèmèt li gen twa timoun, Nobrun Stana, Rosemy Jr Phamphile ak Gelaine Phamphile/ pitit adoptif li ki se Myrlene Augustin, bèlfi li. Syèl la te pèmèt li gen uit pitit pitit, Benjamin Frantz, Dyer Biloud, Romelus Mia, Phamphile Patricia, Weednaelle-Maissa, Phampile Viola, Benjamin Juvens ak Benjamin Jeylen.

Violette te yon dam saj e janti, ou te ka santi sa nan vwa dous li, li te toujou rele w ak tinon w, oubyen li te kreye yon tinon pou adousi yon moun lè l ap pale avè l. Li te sansib anvè pitit li yo, pitit pitit li yo, fanmi ak zanmi l yo, li te yon moun ki pa t janm ka fache lontan paske pou li, yon lènmi pa t ap mennen l okenn kote. Si w te sezi wè l ap pale ak yon moun epi kite yo fè l mal, li t ap toujou jwenn yon eksplikasyon pou l di w ke tout moun ka jwenn yon lòt chans nan lavi apre yon erè.

Se te yon fanm ki te renmen elve bèt, lakou li te toujou plen ak bèl flè. Li te renmen fè komès tou epi li pa t janm nan diskisyon paske li te bezwen tout kliyan li yo. Li pran swen bèt yo tankou si se te moun, epi lè li gen yon bèt k ap akouche, ou ap tande l di, "femèl la pou ou, kabrit la se pou nyès mwen an...si ou pa vin chèche kado a, li pran swen l, vann li epi ba ou lajan an. Li gen nan kè l lespri pataj la.

Avèk moun ki bò kote l, li pa janm jalou, li p ap veye sou ou, li p ap anpeche w viv oswa reyisi. L ap konseye w epi l ap toujou swete w byen aji epi konnen sa ki dwat. Violette pa janm gen pwoblèm pou l aprann nan men tout moun, jèn kou granmoun. Li poze kesyon, li ri epi li kontan lè w eksplike l yon bagay li pa t konnen. Li travay di pou l sipòte pitit li yo nan tout etap yo antreprann.

(Palm Brown), yon ekriven ki te ekri e mwen site sa li te di: Lanmou chak manman se tankou lè nou respire a, nou pa wè li, nou ka pa ba li valè, jiskaske nou pa jwenn lè sa a ankò.. Lè sa a, ou santi w tankou w ap toufe paske w manke yon bagay.

Jodi kè nou lou paske yon bon nanm mouri. Se desizyon Bondye apre anpil soufrans ak maladi. Se pou syèl la resevwa nanm sa a, se pou l repoze anpè, pandan n ap kontinye priye epi sonje l nan kè nou. Mèsi.

Sarah L. Carter's Funeral Home Northside is serving the Family.

To send flowers to the family or plant a tree in memory of Violette Sainte, please visit our floral store.

 Sainte Program


Services

Viewing
Friday
August 1, 2025

5:00 PM to 7:00 PM
Northside Chapel of Sarah L. Carter's
6665 New Kings Road
Jacksonville, FL 32219

Celebration of Life
Saturday
August 2, 2025

9:00 AM
Serenity Chapel
6665 New Kings Road
Jacksonville, FL 32219

Interment Following Service
Saturday
August 2, 2025

Evergreen Cemetery
4535 North Main Street
Jacksonville, FL 32206

SHARE OBITUARY

© 2026 Sarah L. Carters Funeral Home. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS & TA | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility